5X4 en bref, 7 septanm 2021
Premye koumbit « Jaden Timoun » tanmen nan Ansdeno ak nan Koray
Samdi 5 septanm se 5e jounen Kan Boujon Lavi nan Grandans. Dady Cadet, kowòdonatè Inisyativ5X4 Ansdeno, ak kèk etidyan 3e Ane agwonomi nan Inivèsite Notre Dame konmanse premye aktivite Pwogram Jaden Timoun pou elèv lekòl fè eksperyans travay an koumbit.
Pou premye jounen plantasyon sila a, 5 jaden timoun te rive plante nan Fondikak, 2e seksyon Koray, epi 42 lòt pasèl plante nan Picard, 2e seksyon Ansedeno. Timoun yo te plante Maskriti ak Doliv.
Nan Koray, pi gran timoun yo te akonpaye pi piti yo nan jefò sa a. Nan Ansdeno, kote timoun yo pi gran epi kay yo pi pre, yo te òganize ti brigad 3 timoun, epi yo plante pandan tout jounen a.
Ak eksperyans sila a, Fondation STO ap entwodi ansèyman travay nan tèt ansanm nan lekòl timoun yo kòm chimen pou lavi miyò.
Fondation STO
0 commentaires