SOUP LIBÈTE 2022
20 novanm 2022
Apèl pou mobilizasyon SOUP LIBÈTE 2022
Ane sa a, Soup Libète lanse bonè.
Soup Libète ap chache:
1- Fè tèt ansanm ak plizyè òganizasyon
2- Desantralize jesyon nan chak Depatman
3- Ankouraje patnè yo pran reskonsablite nan finansman Soup la
4- Enplante lide a nan tout Komin ki posib.
Pou sa fèt:
1- Nou kòmanse enskripsyon Pwen Soup Libète yo
2- Paj Wèb Soup Libète pwal ansèvis byen bonè.
Si w vle fè Soup 1e janvye a bò lakay ou, oswa jwenn volontè ki vle fè Soup la nan zòn pa yo, fè nou konnen pou nou ajoute w sou Gwoup pou zòn pa w la.
Pou sa, svp sèvi avèk lyen sila a :
👇🏾
http://souplibete.org/
Fondation STO
0 commentaires