Ouvèti kan Boujon Lavi nan Ansedeno
Madi 2 septanm, Inisyati5X4 resevwa 58 timoun, nan Ansdeno, nan yon dezyèm Kan Dete ki prevwa pou 15 jou.
Aktivite sila a vle pèmèt 100 timoun, ki deja manb 5X4, patisipe nan Program Jaden Timoun k ap aprann elèv lekòl plante maskriti, nan tèt ansanm ak lòt timoun epi avèk paran yo.
Pwogram Jaden Timoun 5X4 fèt nan sousi pou devlope yon nouvo danre ki kapab plante nan « tè cho », ki pa wouze.
Maskriti sa yo pwal sèvi pou fè lwil k ap vann an Ayiti tankou lòtbò dlo.
Pandan nap aprann timoun yo eksplwate tè a ke paran yo deja posede, aktivite sa a ap pèmèt ranfòse ekonomi fanmi yo, ogmante kouvèti vejetal nan zòn pa yo, pandan l ap ede devlope yon filyè pwodiksyon nasyonal.
Inistativ5X4 vle gaye Pwogram Jaden Timoun nan 50 lekòl nan peyi a pou ane eskolè 2021 – 2022.
Fondation STO
0 commentaires