5X4 en bref, 30 dawou 2021
Boujon Lavi, yon modèl sipò dirab pou fanmi viktim tranbleman tè a
Lendi 30 dawou, 16 jou apre tranbleman tè 14 dawou 2021 an, Lekòl « La Pépinière » nan dezyèm seksyon Fondikak KORAY, nan depatman Grandans, akeyi 100 elèv lekòl soti 5 lane rive 14 lane nan Kan Boujon Lavi.
Aktivite sila a se pou pèmèt « demare pye » paran ki viktim yo, pandan de semèn, epi pèmèt yo al bwase nan aktivite yo. Pandan tan sa a, aktivite a ap retire « strès » sou timoun yo tou.
Nan mèm okazyon, patisipan nan kan sila a ap tou angaje nan Pwogram « Jaden Timoun »: y ap gen okazyon plante maskriti ak doliv nan pasèl eksperimantal 5X4 ak nan lakou kay paran yo nan kad aktivite koumbit pou ede chak timoun tabli yon ti pasèl jaden 100 pye maskriti.
Pwogram « Jaden Timoun » nan reyalize nan sousi pou devlope plantasyon maskriti kòm danre k ap plante nan tè cho, epi ki pa bezwen wouze.
Pwogram Jaden Timoun, se pou ofri timoun nan zòn riral yo yon nouvo danre ki kapab ede yo kontribye nan finanse frè eskolè yo.
N ap remèsye tout moun ki ede konkretize aksyon sila a an favè fanmi viktim yo. Ou patisipe nan bay viktim yo yon èd dirab ki aji nan ijans lan, epi ki ede timoun yo gade avni yo tou. Nou di wou mèsi pou sa!
Fondation STO
0 commentaires