Plante epi reyisi 500,000 pyebwa, yon defi pou Inisyativ5X4 ak lajenès Dayiti
Nan dat 30 jiyè 2021, nan Otèl Montana, Inisyativ5X4 siyen ak Rotary Club de Pétion-Ville yon akò pou rive plante epi reyisi grandi 500,000 pyebwa nan yon delè 5 lane.
Estrateji pou leve defi sa a chita sou mobilizasyon ak ankadreman elèv lekòl ak etidyan nan yon vizyon rebwazman rantab.
Pyebwa Timoun, yon jèn antrepriz 5 manb Inisystiv5X4 fonde, se premye benefisyè pwojè sa a.
Fondasyon STO ak Laboratoire de bioEnergie Inivèsite Quisqueya se 2 lòt patnè ki siyen akò sa a.
FONDASYON STO
0 commentaires