STO: 18 me 1979 – 18 me 2022 — 43 lane
Jodi a fè 43 lane ke yon gwoup elèv reto, Pwomosyon SLG 79, te fonde mouvman STO sou lidèchip Frère Serge Larose.
43 lane apre, yon gwoup 4 jèn, ansyen SLG ak yon ansyèn Ste Rose de Lima, pran responsabilite pou refè jès Fondatè yo te fè an 1979 la: monte drapo a kòm senbòl libète Ayisyen. Jès sa a fèt nan Lakou Savalouwe, jodi a, 18 me 2022.
Nou menm, 5 jèn sa yo, ki pran sou do nou responsabilite sitwayen pou mande libètè pou Pèp Ayisyen, retire chapo nou byen ba pou swete Frè Serge Larose ak tout ansyen manb STO yo bòn fèt!
Nou pwofite pou envite yo vin kore nou, nan yon travay simaye lespri STO a, ki se: aprann moun travay ansanm, epi bay jèn yo bon fòmasyon pou yo vin de sitwayen konsekan e responsab.
Nan sans sa a, nou bay tèt nou kòm misyon pou angaje 1,000 lekòl nan mouvman STO a, pou 7 pwochèn lane yo, soti 2022 rive 2029. Nou kwè ke avèk yon misyon konsa, nap rive reveye e angaje jenès la nan rekonstriksyon Ayiti.
Anvan lontan, nou konte fè yon rasanbleman tout ansyen manm STO pou nou fè konesans ak yo, montre sa nou fè deja, epi gade kijan nou ka vanse ansanm pou travay la fèt pou peyi a e nan avantaj popilasyon an.
Patriyotikman
STO Inivèsitè
0 commentaires